Healthy Mothers, Healthy Babies bay Klas Akouchman gratis atravè Pwogram Edikasyon pou Akouchman nan Florida Outreach. Klas yo prepare paran yo pou nesans tibebe yo. Klas yo kouvri sijè tankou kijan pou jere doulè pandan akouchman an, teknik sipò, kijan ou ka respire ak detant, swen apre akouchman, ak enfòmasyon sezaryèn. Fanm ansent tipikman ale nan klas sa yo nan setyèm mwa (twazyèm trimès) gwosès yo. Patnè sipò yo ta dwe tou rantre nan klas la.
Facilitated by: Marjorie B. Narcisse, Edikatè Akouchman anplwaye Depatman Sante
Marjorie B. Narcisse gen 26 an depi ke li ap travay avèk Maternal Child Health Division et avèk kominote Ayisyen an. Li fe 10 an travay kom intepret avek Manman ki ansent a apre yo fin akouche. Sa li vreman renmem se apel telefonik yo le Manman yo rele li pou yo di l ke yo akouche! Enfomasyon nan klas yo te vreman itil. .Marjorie genyen on pasyon pou travay ke l ap fey ya. Pou pastan li renmem fe egzesis, kwit manje, vwayaje.